Credits

PERFORMING ARTISTS
Barikad Crew
Barikad Crew
Performer
Marc Arthur Fils Desjardins
Marc Arthur Fils Desjardins
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Marc Arthur Fils Desjardins
Marc Arthur Fils Desjardins
Songwriter

Lyrics

M-mande-w granmèt anba zèsèl ou pi fon pou ou kache-m E mwen pap nye-w se volonte-w sou nenpòt sak ta rive-m Si lavi-m ta gen obstak se ou k-mete-m nan eprèv Ou met kwè m-pap fè bak li ta mèt menm nan yon rèv M-pap opsede de anyen Ni m-pap sede pou anyen Paske depi-m te fèt m-pat jwenn fanmi-m posede anyen Menm lè bato-m a la derive se pa twal vwal li-k pouri Tafyatè dòmi nan gildiv kleren pou bouch li santi (tchek) DEJA-VOO Pou surviv fòk ou fight ak tèt frèt do it right Men si lavi ap mal mennen-w dignite-w kenbe-l high Konn ran-w pou zanmitay ke ou konnen-w ou konn li tight K-pap etone pou yon pla fritay Ambisyon kondisyon pa-w solusyon m-met rete la Byen materyèl pa al nan syèl sou de zepòl ou ret tèt drèt Sa son fòmil pou viv tèt frèt fier d'être kontante-w a Sa ou genyen fòk ou konnen pa-w pou renmen Si la vi-a mare ren ou kris te trennen anba jwuif romen Pa pè soufri piga-w lese ale vi pa-w Lè sa nan vi pa-w nèg pap file-w tankou ti kap Wap apran viv ak yon ti kras Tankou lanmè wap anti kras Lign defans ou pap andikap Wap sansib pou back ou tankou exzamen back tou Tankou-w te gen glack tou presye kou Barikad Crew E lè sa tout sa wap fè nan vi-a wap fè-l tèt frèt tèt drèt yo Pa pè yon moun kap mennen Jezi-k konnen K-TAFALK Gad (Koral: wi chèf) Gad (Koral: wi chèf) Vinn di-m si nou kwè nap viv jan-n vle-a (Koral: non chèf) Nou fyè (Koral: wi chèf) Nou fò (Koral: wi chèf) Menm lè lavi-a ap fout nou frèt (Koral: ret tèt frèt) Gad (Koral: wi chèf) Gad (Koral: wi chèf) Vinn di-m si nou wè nap viv jan-n vle-a (Koral: non chèf) Nou kwè (Koral: wi chèf) Nou konn (Koral: wi chèf) Menm lè-n ta tonbe atè frèt (Koral: ret tèt frèt) BRICKS Gan bòks kap nan de men-w pou-w ka fight ak lavi-a Pran fòs panse ak demen-w pou-w ka tight ak sa ki high Koz ou konnen pa gen anyen-k fèt fasil G Men-m lè-w pa feel li M-kwè-l ka vinn pi di Ou konnen dog se sak lavi Prensip lan pa egri blood de sa kap jwui Kenbe tèt ou pandan wap travay pi plis yo Ret tèt frèt tou pandan wap bay sa ki jis yo DADE Ou pa gen sou moun pou konfye Lè zak ou pran monte pa pil Menm bagay yo byen dè dèyè dò-w (dò-w) Conda∑ Pròp fanmiw -w, pròp zanmi -w, ata fanm ou dèyè blow (blow) Conda∑ E byen ret tèt frèt, tèt drèt Granmoun ak sak fèt ayè Si-m di a∑ pou tout sa yo fè-n Se sa kap fòse-n boure menm lè gou bouch nou amè Di sa ou gen pou di a ou ka vire dò-w Koz latou ou ka achte-l sou wè-l vo pri-a E menm lè saw ap fè a ta bay degou (tèt frèt) Poch goch ou plis poch dwat ou egal de trou(tèt drèt) Pa kit'anyen detounenw Sof nan saw kwè a se mete men Nan vizaj ou se mete nen Demen lè yo di kiyes sa moun pap baw tan pouw di se mwen Ou konn pouki nan simityè nou pa wè yo ekri brav Se paske moun kap ekril la just pa ekril gay Sò-w wè Barikad montre-n se pa pou sèl manje l-ka debat Lang nan bouch ou li dwe bat Si se pou defann koz ou Boukan ou menm si tou ki se black J banm di-w menm lè ou pa rapè refren an deyò-a an eseye di-l K-TAFALK Holla! ak tout nèg kap rele aba a tout règ Mache tèt bese pou bese tèt moun so malè a ou tou rèèd Ke bezwen disi ba fi-n pa vinn rann avèg W-byen gwo w-byen gra men poutan nan lespri-w ou mèg (mèg) (mèg) Fantom∑ Aprè Bondye te ba-w lavi M-ta renmen-w di-m Ki sa-w pat jwenn ke-w pat ka fè Latè-a la dog pou ou tou li se yon règ frè Pi plis ou aprann plis wa konprann Sèvo-a vo sa-l rann Depi jodi-a jamè wa va jire ke jenou-w pap pliye Menm jan nan kou-w yo pap mete Okenn chenn menm lè lap briye Di-w pap bliye kiyès moun ou ye nèg ki pap sipliye Ki pap repliye lè-l fas o devwa nan nenpòt deal li ye Konn sa tan pou black ta viv konsa n-ta prefere Fè tapajè e menm mouri tou Nou ka pa gro gason men nou vanyan tankou kirikou
Writer(s): Barikad Crew Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out