Listen to Yon Bon Zanmi by K-zino

Yon Bon Zanmi

K-zino

World

7,988 Shazams

Lyrics

Li konn tout vi mwen, li konn tou rèv mwen Li konn tout ti sousi mwen, li konn tou sa k pou fè bonè mwen Chak fwa mwen wè mwen nan fè nwa, mwen pa janmen pèdi lespwa, Paske m konnen, wi mwen konnen, ke l' ap toujou la pou mwen Konbyen nan nou k' gen yon moun nou ka di tout sa de li? Konbyen nan nou si n genyen l k'ap fè menm jan an pou li? Depi n' tou piti n ap grandi, nan vi nou moun ap rantre soti Konbyen nan yo nou ka vreman rele zanmi? Avek konbyen nan yo nou viv de eksperyans? Ki ka fè nou di ke moun sa plis k'on konesans? Eske sou li ou ka konte, e eske vreman pou ou l' konte? Si li la tout tan, bon kou move tan, Ou met rejwi paske w ka di w gen (Yon bon zanmi Ki la pou soutni w le lavi vle trayi w Yon bon zanmi Ki konn tout sa k sou kè w, k ap ede w jwenn siksè w Yon bon zanmi Ki menm bliye tèt li chak fwa se ou ki bezwen li Yon bon zanmi Jodi a w met di l mesi, paske w genyen l kom zanmi Zanmi pa m' nan Oh non li pa parfait, tankou tout moun li konn fè erè Li toujou vin dim e mwen tande l ak kè ouvè Pou li m' pa gen histoire cachée, M toujou avwe l' la verite Paske m konnen san l' p'ap jije m' l'ap toujou dim' sa li panse Menm si nou chak nan vi nou nou gen lòt moun k'ap vin an premye N'ap toujou goumen pou amitye sa egziste Chak fwa prezans mwen nesesè, depi se pou li m' pa gen lè Mwen vle la tout tan, bon kou move tan, Pou m ka rejwi chak fwa m'ap di m'gen Yon bon zanmi Ki la pou soutni w le lavi vle trayi w Yon bon zanmi Ki konn tout sa k sou kè w, k ap ede w jwenn siksè w Yon bon zanmi Ki menm bliye tèt li chak fwa se ou ki bezwen li Yon bon zanmi Jodi a w met di l mesi, paske w genyen l kom zanmi Li se konplis mwen, konfidan mwen Konseye mwen, bwat sekrè mwen Oh, m' pa bezwen pale pou l' konn kijan mwen ye Oh OH se kòmsi nou konekte, se yon amitye sakre... Yon bon Zanmi, s'on fanmi ke w chwazi pou la vi
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out