Lyrics

GN Beatz Wayayayooooo Ye Di fanmi'm pa kriye pou mwen Si'm ta mouri nan VAR nan goumen Chaje ènmi k'ap tann pyèj pou mwen Rèv yo se pou yo etèn souf mwen Badman, m' gentan badman Ak kran m'ap afwonte lachte pa ladann Badman, dayè m' se badman Bon po, bèl may, advèsè a paka pran'm Mwen, epa san rezon ki fè'm pran zam mwen menm M'ap veye ènmi k'ap vin fè zak nan bren'm Men, m' pran bon kote'k nan gran yo'k fè'm smart mwen menm M'ap toujou gen anfas m' paka vag nan game M' konn yon jou m' gen pou'm mouri, granmèt la ap deside Se vre m' renmen lavi, men fas lanmò m' pap repliye M' fèt tou gen kran ak yon tanperaman gerye Gason solid vrè non'm se BRAV m' siyen REZIYE Dayè m' deja badman Avi m'angaje'm ladann Plis eksperyans fè'm aprann Game zam se may li ye Ak sa fanmi'm pat atann Men, m' gentan soude ak klan'm M' paka fè retrè paske'm gentan sible e Di fanmi'm pa kriye pou mwen Si'm ta mouri nan VAR nan goumen Chaje ènmi k'ap tann pyèj pou mwen Rèv yo se pou yo etèn souf mwen Badman, m' gentan badman Ak kran m'ap afwonte lachte pa ladann Badman, dayè m' se badman Bon po, bèl may, advèsè a paka pran'm Pèsòn pa konn plan batay mwen Depi lè'm gen prèv konplo pi fò ke wanga pi gwo djab mwen se may mwen Di fanmi'm adye, koz m' fè chwa pou'm viv ak klan'm M se badman, ke pou'm vivan an lach m' pito mouri ak kran'm M' pa mefye'm de ekip mwen, dayè e yo'm konn plis Menm kadav mwen ap regrèt si nan lanmò'm yo ta konplis M' se moun, mwen pa pafè s'on bagay ki evidan M' pap viv pou'm tiye, men m'oblije tiye pou'm ret vivan Goumen ak jèn nan menm klas avè'm pa sa m'ap chache Kèk fwa m' vle repliye, men anfas la epa sa'l vle Plis m'ap batay se plis m'ap aprann de jou an jou M'ap brave danje koz tout badman dwe mouri yon jou Zam pa fè lach brav Epa paske'm gen zam nan ki fè'm badman Anvan'w jije sa'w wè a Chache konnen sa'l ye a Dayè m' deja badman Avi m'angaje'm ladann Plis eksperyans fè'm aprann Game zam se may li ye Ak sa fanmi'm pat atann Men, m' gentan soude ak klan'm M' paka fè retrè paske'm gentan sible e Di fanmi'm pa kriye pou mwen Si'm ta mouri nan VAR nan goumen Chaje ènmi k'ap tann pyèj pou mwen Rèv yo se pou yo etèn souf mwen Badman, m' gentan badman Ak kran m'ap afwonte lachte pa ladann Badman, dayè m' se badman Bon po, bèl may, advèsè a paka pran'm Badman, m' gentan badman Ak kran m'ap afwonte lachte pa ladann Badman, dayè m' se badman Bon po, bèl may, advèsè a paka pran'm B.I.B baby
Writer(s): Wood Baptiste Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out