Lyrics

Nou pap janm fè yon pa yon nago Pap ka leve tèt byen WO Si nou pa pa vle met men, mete men Si'n kontinye ap goumen Ayiti malad oh, li sou do l'ap tann pitit li yo Ann fè prese ann evite danje Tèt ansanm anpil lanmou Se fòmil pou nou aplike Se dènye chans nou rete Ti peyi sa tèlman gen dezakò Sa lakoz pitit li yo al dòmi deyò Douvan pòt kay vwazen pou y'al sove degouden Poutan lakay gen anpil byen Bon Jan de sèvo k konn li byen Men yo pito goumen pou degouden, youn pa vle bay lòt legen
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out