Listen to Tanpri Souple by T-Vice

Tanpri Souple

T-Vice

World

8,636 Shazams

Lyrics

Ouuuhhh Baby girl you got me saying oh oh Oh oh oh oh Ou pase bò kote mwen Yon jou w manke pile mwen Zanmi m yo fè'm wè Se sa w te vle cheri Mwen t'ap gade ou de lwen Konsa je ou tonbe nan je mwen M'ap mande si m'ap reve ak de je'm louvri Oh santi'm intimide Souf mwen gen t'ap koupe Fanm sa gen yon jan l souri Li fè tout kò'm fremi M'ap mande l'Esprit Saint Tanpri ban mwen lanmen Mete m sou bon chimen Ban mwen kouraj pou'm di'w Tanpri souple Te imploro Je t'en prie Mennen'w avè'w cheri Tanpri souple Mi amor Si ça te dis Mennem avè'w cheri Pa konn ki pye pou'm met devan Sa mwen santi m'pa konn ki jan Pou mwen dekri'l avek de mo San'm pa pase pou yon idiot Kite'm fè yon ti kage O mwen lè sa m'a moins strese M pa vle bege ni depale Paka kite chans sa pase Tanpri souple Te imploro Je t'en prie Mennen'w avè'w cheri Tanpri souple Mi amor Si ça te dis Menem avè'w cheri Fanm sa telman move Mwen pa ka explike w Fòm kò'l tank'on biblo Lè'm gade'l bouch mwen fè dlo M'anvi konnen si se lajan oubyen bon jan Diamant ou sentiman Ki ka fè mwen bon tout bon Tanpri ban'm direksyon (Keyboard Solo) ... Baby girl you got me saying oh oh Oh oh oh Baby girl you got me saying I see us making love all night and day Baby girl you got me saying oh oh Oh oh oh Mezanmi chalè monte'm m'anvi rele Rele ponpye Tèt mwen ap pran dife Telman m'ap panse Mwen di fanm sa enraje Rele ponpye tèt mwen ap pran dife Pa konn sa pou'm di, kijan pou'm reaji so Rele ponpye Tèt mwen ap pran dife Telman m'ap panse Mwen di fanm sa debode Rele ponpye tèt mwen ap pran dife Pa konn sa pou'm di, kijan pou'm reagi so Oh mezanmi tèt mwen fin pati Tèt mwen cho li cho li cho Tèt mwen cho li cho li cho Mezanmi ede'm rele Rele ponpye Tèt mwen ap pran dife Telman m'ap panse Mwen di fanm sa enraje Rele ponpye tèt mwen ap pran dife Pa konn sa pou'm di, kijan pou'm reaji so Rele ponpye Tèt mwen ap pran dife Telman m'ap panse Mwen di fanm sa debode Rele ponpye tèt mwen ap pran dife Pa konn sa pou'm di, Roberto ede'm tanpri Cheri mennen'm ale Cheri mennen'm ale Cheri mennen'm ale (Guitar Solo) Cheri mennen'm ale Cheri mennen'm ale Cheri mennen'm ale
Writer(s): Nickenson Prudhomme, Roberto Martino, Olivier Patrick Duret Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out