Lyrics

ou se lob ki ouvri matine mwen ou se limyè ki klere chemen mwen chemen ki mennen jouk nan peyi lanmou m'ap diw koman madorew pafen kòw se li ki rezistans mwen li toujou fem santiw bò kote mwen si yon jouw ta kitem lavim pap anyen mwen pa santi mwen ka dispanse ou chake jou avek ou lavi a vin plus bel plus bel pou mwen jodia ak santimanm map diw konbyen mwen renmenw menm sim trouvem nan peyi byen lwen yon ti bri'w sifi pou fem retounen paske se mwatyem se mwatyew ki fe youn nou pap janm ka rive separe lanmou mwen avew ap toujou briye paske se yon lanmou ki byen fonde pam nan puissant anyen pa kapab kouvril se esans santiman n kap nouriiii chake jou avek ou lavi a vin plus belle plus belle pou mwen jodia ak santimanm map diw konbyennn mwen renmenw ou se tout pou lavim mpap janm kitew sansiblitem se ou sel ki touche li ou anfas mwen map gadew tankou la vierge mwen ajenou map di tout priyè m tout sa ki nan kòm se eritaj ou map transmèt ou yo avek tout kè mwen mèsi pou santiman sansyèl kew ban mwen nan vim mpap janm rive bliye ou chake jou avek ou lavi a vin plus belle plus belle pou mwen jodia ak tout santimanm map diw konbyen mwen renmenw chake jou avek ou lavi a vin plus belle plus belle pou mwen jodia ak tout santimanm map diw konbyen mwen renmenw
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out