Listen to Ranje Chita'w by Klass

Ranje Chita'w

Klass

World

12,537 Shazams

Lyrics

Pipo tout jan! Mizisyen Ayisyen pa dwe ret bwa kwaze 60ans fè n pase tankou n pat egziste Kout chapo pou Nemours ki kreye bèl rit sa Ki ede nou chak jou bliye lapèn avèk debra Nou bay tout jenès nou au service du pays Epi kou laj antre yo bliye nou jouk nou mouri Gen yon pwovèb ki di lè w wè yon zo atè Li te gen vyann yon lè Atis fè je w klè, li lè pou nou reyini Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale! Kote nou?! Valè n twò wo andann yon sosyete pou nou pa ka òganize n Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou Si lè gen maladi se nou k remèd, peyi n dwe sispann fè n pa regret C'est la musique ki rive melanje tout klass Chak ane se nou k fè tout yon pèp konble Chanmas Lè n kanpe kòt a kòt ak atis lòt bò dlo talan n menm jan ak yo La seule différence est une question du drapeau Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale! Kote nou?! Valè n twò wo andann yon sosyete pou nou pa ka òganize n Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou Si lè gen maladi se nou k remèd, peyi n dwe sispann fè n pa regret Ou la la la la la la la la Ranje chita'w tande! Van tanpèt larivyè desann lanmè bon mizik Klass la ki rive! Se sa! Se sa manman se saaaaaaa! Woy! Konpa! Ou ka wè l gon lòt gou! Ha ha! Ranje chita w... Djakout #1! Ranje chita w... Kisa n ap fè kisa n ap fè?! Ranje chita w... Nu Look! Ranje chita w... Fò n ale! Ranje chita w... Disip, Zenglen! Ranje chita w... Pa gen dòmi non! Ranje chita w... Pozo lage konpa konsa! Oh oh ohhhh! Tu peux faire ca toi meme?! Se pou sa yo rayi n nan wi Ti Junior! KLASS! Ranje chita w... T-Vice, Carimi! Ranje chita w... Fò nou òganize n! Ranje chita w... Kreyòl La, Harmonik, Gabèl! Ranje chita w... fò n ale! Ranje chita w... Rap kreyòl, Rasin! Ranje chita w... mizisyen toupatou rasanble! Pipo! Aya man! Nou bay tout san nou nan yon peyi – hmm Se nou k fè lavi mache – hmm hmm Pandan yo pa respekte dwa n – hmm Gouvènman eksplwate n – hmm hmm Yo pa rekonèt li kòm metye – hmm Men depi n fè san'l frape – hmm hmm DGI la kolekte tax, epi pa menm gon bon lekòl mizik nan ti peyi n nan Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya Mizik jwe nan maryaj tankou lanmò Men fòw panse ak sa ti frè Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya Gentan gen 60ans lap fè n danse Si tout mizisyen nan peyi sa – hmm Ta di yo kraze on kite sa – hmm hmm Kijan lavi n ta ye – hmm Strès tap fin anvayi n – hmm hmm Tout sa pou n ta pwoteje – hmm Yo nou neglije – hmm hmm Kòman nou vle pou n avanse, pou pwogrese Kwè mwen souple sa pa ka kontinye Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya Lè kèw kontan w danse l Lè wap kriye li konsole w manman Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya Pou bagay ke nou fè gouvènman peyi nou dwe n respè oh Oh oh oh Gen bon, gen pi bon Epi gen fè, gen byen fè tande Richie fè l ankò! Ranje chita w... Minis de la kilti! Ranje chita w... Ranje w tande! Ranje chita w... Fò k ou pa nan sal de class! Ranje chita w... Fò l nan konstitisyon an! Ranje chita w... Twòp eksplwatasyon! Epi voye'l ale!
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out