Lyrics

Ayiti cheri Kouman nou ye? Nou se dISIP Sonje nan lekòl m te konn etidye Jan anpil nan zansèt nou yo tonbe Jodi a m kab pèdi kèk zanmi Akoz de verite m pral di Gen lontan m ap gade pèp la k ap peri Si m pa di yon mo, m pap santi m anpè Woyo Junior Roy, zanmi m Dener Ceide pale pou pèp ou a Jodi a an nou pale de peyi Sa k lakoz nou ap soufri Sa k fè timoun nou yo pran lari... yè Sa k rati bwaze lòt peyi Woyo Pi fò nan jèn nou yo jete yo o Brezil – Pi fò nan yo Santiago de Chili, Santo Domingo La Plata Pi fò nan yo lage yo lòtbò Yo fè anil efò – non non non non Men sistèm babilòn nan pi fò Oh. eya Patrick Fabre... zanmi pa m Dener ou fou... kote w sot la a, epi w al la a Hahahahaha! Nou lage Se pa san rezon jiskaprezan n ap mande pouki Nou toujou dèyè, nou toujou dèyè Nou pa gen chwa ke al rekalkile rekòmanse Repare erè pou yon demen meyè Elèv yo ap aprann listwa nan FIC Y ap etidye aprann kouman n te libere Men pawòl la san manti Poutan se nou k te goumen, se nou k te genyen Nou pap ka aprann viktwa nou nan men Napoléon Nou pyeje Se pa san rezon jiska prezan n ap mande pouki – nou mele Nou toujou dèyè, nou toujou dèyè – gad jan nou plonje Nou pa gen chwa ke al rekalkile rekòmanse Repare erè pou yon demen meyè (Dener Ceide... Hello!. Ede m chante souple) Fidèl la ap chwazi legliz pou li ale Anvan l ale, fò l gade byen ki misyon Men pawòl la san manti Ki blan k ap vizite anvan l mete pye l Nou pap ka aprann valè nou nan men Napoléon-Léon Nou se dISIP... Onè respè Nan leta (O o, o oOh-o) G on pakèt nèg nwa, je yo vèt O o o o o Nou se diSip Sa n ap panse pou yo San manti Si n ap chita pale fò n fè sa, fè sa - san manti Pran destine nan men – san manti Pa pale fò, pale byen – san manti Yon vrè dyalòg nasyonal – san manti Ayisyen nan tout rakwen – san manti Destine n nan men n nan men n Si n ap chita pale fò n fè sa, fè sa... o (San manti) Pran destine n an men – san manti Pa pale fò, pale byen – san manti Yon vrè dyalòg nasyonal – san manti Destine n nan men n nan men n nan men n nan men n Si n ap chita pale fò n fè sa, fè sa, fè sa – san manti Ici Gazzman Couleur, youn nan nou Ayiti cheri Yeba San manti Byen devlope
Writer(s): Dener Ceide Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out