Lyrics

Medyokrite se yon maladi kontajye Pa mezi de prekosyon, fòk lespri w vaksinen Yon travay ki pa enspire fyète Mwen konsidere l kou savon ki pa kimen Avèk yon plim e yon diksyonè, se kòmsi mwen se yon doktè k ap sove yon fanm ki fè eklanmsi Tout paran malad la vire do ba li Enkyetid avèk presyon tonbe sou do m kou lam si Medyokrite se yon maladi kontajye Pa mezi de prekosyon, fòk lespri w vaksinen Yon travay ki pa enspire fyète Mwen konsidere l tankou savon ki pa kimen Tankou yon gadyen ki kanpe nan tèt malèt la M ap chache jwè ayisyen sou planèt la Pou m pase balon fyète a ba yo Pou yo pa janm bliye lakay yo Lavi pa rezime ak kantite bagay ou fè Men ki valè ou byen fè Lè tout moun ap bwè, m se kanèt la Lè yo pa wè klè, m se manèt la Granmoun yo pran plezi pou yo jije n San eksplike pou ki sa yo toujou neglije n Nou bwè, nou vomi, nou gagari Jodi nou di aba, demen nou di avi Bakaloreya tounen savann Rakete tout kote gen papye tenbre pou vann Tèt pa sou zepòl, dwèt sou gachèt Nou pi frajil ke yon fil kasèt Nou pa ka chita nan griyen dan Bis ak kamyon pwovens bouke fè aksidan Chak lekòl gen yon pri Chak legliz gen yon kri Moun lan te mèt jèn, sou figi l gen yon pli N ap make pa sou plas, nan je tout moun san respè Etidyan k ap chanje klas san etid pa ka gen siksè Bing bang sa la twò lontan 'Hing hang' sa fè m chanje lontan Vaksinasyon mantal nesesè Pa fè tèt cho lè pòch ou pa gen gwo epesè Sou dodin lavi a, m toujou kage Ap gade jenn gason k ap peyen lage Koze reyisit ou echèk s'on gwo deba Men deja, lavi se yon chèk M pi renmen atis k ap pran plezi sou sèn Ke kretyen an Chal Kalis k ap fòse pran lasèn Medyokrite se yon maladi kontajye Pa mezi de prekosyon, fòk lespri w vaksinen Yon travay ki pa enspire fyète Mwen konsidere tankou savon ki pa kimen Avèk yon plim e yon diksyonè, se kòmsi mwen se yon doktè k ap sove yon fanm ki fè eklanmsi Tout paran malad la vire do ba li Enkyetid avèk presyon tonbe sou do m kou lam si Lave andidan tèt nou trè enpòtan Si nou bezwen kò nou toujou ret an sante tout tan Vaksinen zòrèy nou kont medya k ap woule plis atis etranje ke atis peyi a Mwen renmen peyi m, mizik mwen se temwanyaj M ap viv ak kè m kenbe nan men m, tètmwennan nyaj Depi ki lè pou popilè fòk ou di betiz Fòk gen vaksinasyon kont tout atis k ap vin betize Eskize, si w santi m tape w sou dwèt Men m pa dakò pou pran mizik, fè welewelebwèt Sispann chante sa w pa vle pitit ou chante Epi dayè, menm Gwomoso pat fini an bote Atis gen plis ekout ke yon lidè Jodi a, m konfòtab, donk mwen pap chanje lide Nan mitan pwopozisyon sanpidè Pozitiv mwen, tèks mwen jwe wòl telegide Medyokrite se yon maladi kontajye Pa mezi prekosyon, fòk lespri w vaksinen Yon travay ki pa enspire fyète Mwen konsidere kou savon ki pa kimen
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out