Lyrics

Pòtoprens, Ayiti, 25 Desanm 2012 Ton nwèl, m konnen ke ou ka pa gen tan pou reponn mwen lèt sa Men m ta renmen ou li l Ayayayay Ton Nwèl, m konnen w prese, ou p ap ka ban m twòp detay Men gen kesyon m anvi poze Si w twouve yo deplase, eskize se lizay Si w pa reponn tou, m ap poze Depi m piti, m tande w ap bay kado Men se paran m ki debouse Eske gen ONG w ap bay mato M ta byen renmen f on ti souse Yon bann djanni zam dlo, peta, poupe Biznis grannèg k ap mache Vin pale nan non tout ti malere Ki pa konprann sa w ap regle (Nwèl) Ki nasyonalite w? (Nwèl) Kiyès ki anboche w? (Nwèl) Ou di ou pote kado men se pòch paran n yo k pot fado a wi (Nwèl) Bò isit, plen revandè (Nwèl) Eske se ou k founisè? (Nwèl) Pòtoprens, Ayiti, 25 Desanm 2012 Ou g on treno ki pa gen kawotchou Se sou la neige li ka glise Anpasan, moun ki kote ou ye tou? Annou fè konesans, souple! Ou met lajwa nan kè mèt magazen Paran klas mwayen yo strese Chak mwa Desanm, malere pran nan zen Se konsa sa toujou pase (Nwèl) Pale avèk mwen, (Nwèl) Ki misyon w sou latè? (Nwèl) Eske jan yo di a, ou gen yon lyen parante ak Mesi a? (Nwèl) Paran bouke kouvri pou ou Y achte kado bay timoun yo nan non ou M ap fini lèt la Men moun pa janm twò gran pou w on konsèy Ton Nwèl, si w la, si w egziste, si w ap li lèt la? Pa pote kado ki fè businessman ap koupe pòch nou Pote kado ki pa gen pri Tankou moso ri, yon vè dlo, yon kout ri, yon bat do, yon lanmen, yon sipò, yon bourad, yon jefò Lè sa a, se pa tchotcho ki pral mennen fèt la Men se nan lespri ke ti Jezi te fèt la P.S, nan lèt sa, m pa gen okenn entansyon derespekte w (Nwèl) Lòt kote, yo rele w papa (Nwèl) Bò isit, ou rele w tonton (Nwèl) Sa k ap pase la? Ou sa oubyen w pa sa? (Nwèl) Malere fè ane ap panse (Nwèl) Pou l jwenn lajan pou l ka depanse pou Nwèl Ou wè sa gen sans? Nwèl Nwèl Nwèl
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out