Listen to Vin Wèw Manman by Kenfs

Vin Wèw Manman

Kenfs

Hip-Hop/Rap

10,450 Shazams

Lyrics

M'pa wè'w men janm santi'w ka di'w m'anfas ou Pèsòn pa't di'm sa men'm konnen si'm la MAN e gras ou Te vle mete'm pi lwen men lanmò pa't ba'w tan M'pat konprann si lè'w t'ap di'm grandi a se te pou pran plas ou Pa konn si w'ap tande'm menm vin la pou'm pale'w Vin la pou di'w kijan bagay yo ye m'vin la pou raple'w Ke vi isit epa jwèt jan'w te konnen'l lan'l pi mal Pou viv fò'w agresif e Kendy jan'w te konnen'l lan'l pi kalm Sa e te defo'w pran tout menm kalite'w yo Pasyans ak kouraj e sa'k fè tankou'w m'ka lite Pouki'w te renmen soumèt m'wè lè'm fè'l yo abize'm Men pa enkyete'w anyen pa kase enpas yo pa brize'm M'pa konn si'w fyè m' pap batay m'ap Consentir Aprè nevan men mwen san anyen san menm yon bon compte-rendue Epi tan an ap kouri avè'm pa gen pwogrè Erè'm yo repete koz pa gen pèsòn pou kouri aprè'm (M'vin wè'w manman) Si'm te gen pouvwa m't'ap fè'w reviv ankò (M'vin wè'w manman) Nan lespri mwen ou toujou ap pale (M'vin wè'w manman) Abitid ou yo m'poko prè pou'm bilye yo non Men jodi a w'ale, w'aleee M'pa gen twò gran rèv ou te ala'k pifò E m'oblije fon kanpe m'vle avanse pa wè ki bò Si'm tonbe ankò, m'pa konn si m'ap ka leve M'panche twòp si'm panche ankò, m'pa konn si m'ap ka drese M'vin gen yon peur e sesi sa aji sou antouraj mwen Lè'm konnen m'pa ret chans ankò sa afebli kouraj mwen M'dwe jwe byen taktik echèk yo antrene'm Swa'm fè wout kwochi, swa'm yon ewo tankou'w lè y'ap antere'm M'souri chak lè yon moun di'm nou sanble M'pa ka jwenn tout bon souvni'm yo, m'paka sote douz janvye Alors m'oblije ap chèche'w pou'm di'w sa'm pa't ko di'w M'wè sa'w te ban'm nan vivan pouki se sa lanmò'w ofri'm Mande, èske si'm te heureux m't'ap bliye'w Èske si'w te la m't'ap toujou yon trezò nan tabliye'w M'pat santi'm te tonbe se koulya m'ap wè vid yo Poutan lè'w te la m' pat menm santi'm te konble (M'vin wè'w manman) Si'm te gen pouvwa m't'ap fè'w reviv ankò (M'vin wè'w manman) Nan lespri mwen ou toujou ap pale (M'vin wè'w manman) Abitid ou yo m'poko prè pou'm bilye yo non Men jodi a w'ale, w'ale Timoun yo ap grandi responsablite yo tou Yo santi absans ou nan yo ak sa y'abitye yo tou Y'ap avanse ak yon pakèt anvi'k pa konble Papa pala donk kou ka wè konbyen prezans mwen konte M'te anvi pati m'te menm gantan di Goodbye M'pèsekite dèfwa pou anyen dèfwa pou tout bay M'pa't gen sou pèsòn pou'm apiye sak sou do'm yo lou M'toujou nan cho malgre'm mache sou trèz katòz pou'm pa pile Lè'm rete m'souke tèt m'di sak ta di sa Twouve'm la m'pa konn si sa pral pi byen si sa pral pi mal, demen M'ap viv non incertitude ki fè'm panike Men'w t'ale vit avè'm franchman m'pa wè pouki'm pa rive M'kwè ke w'ap konprann w'ap vin ede'm Nan tout sa ki parèt alanvè pou mwen w'ap vin wete'm M'pa gen repons a kesyon yo m'koube'm anba presyon yo Yo pini'm lè yo vle yo pase'm tò yo pran rezon yo (M'vin wè'w manman) Si'm te gen pouvwa m't'ap fè'w reviv ankò (M'vin wè'w manman) Nan lespri mwen ou toujou ap pale (M'vin wè'w manman Abitid ou yo lanmou m'pa prè pou'm bilye yo non Men jodi a w'ale, w'ale Pagen lanmou ki ka ranplase pa'w oh, ooo non Yo eseye men yo pa rive non, non
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out