Lyrics

A 25 ans lavi isit pa fèm rabè Mkonn lavi pòtoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl Mte marye ak yon fanmi ki te banm yon pitit Fòm din ke lavim chanje depi le jou li vin sou latè Mpat g'on gwo kay men nou tap viv ansanm E aprè nu vin divòse pitit fim al viv ak manmanl E alepòk se machin mta repare pitit Fim vin g'on bòpè akoz manmanl vin remarye Yo demare yon lòt vi ansanm, menm te toujou la, Mte toujou la pou pitit fim nenpòt sam genyen mtoujou ba'l Chak fwal vin wè, se kè rache lè poum mennenl, e Nenpòt sam fè nan lavi konn se pou li tèlmanm renmenl Tout pòt mèt femen pou mwen depil jwenn pòt ouvri Mpap nwi dòmi nan fredi depil ka jwenn lèn poul kouvri Pitit fim pap konn mizè mwen, Mpap nwi mache pye atè ak yn sèl rad depim bal tout sal bezwen, Map sal kòm pou kò pal ret pwòp, pòch mwen vid pòch pal gen kòb Ou wè poul konblel map fè tout Kalite djòb. Satisfasyonm se lèm wèl souri Pitit fim sa se lavim e pa gen anyen mpap fè pou li. Yon bon maten m'al travay pou twòp kredi, Menm pat koz tout kòb mwen se nan li mte envestil Mvin g'on dezyèm djòb, s'on ti djòb sekirite Paskem te g'on lajan lekòl mtap konplete poul te enskri Tèt mwen cho pou jan dèt sa te toumantem, o U konn paran! Li mèt pa manje depi pitit li konble. Telefòn mwen vin sone e lèm gade mwen wè nonl monte Mdi ma fille cherie comment vas-tu? Siw konn kijanw mankem Li di a Papi vin dèyèm mpap ret la, m Santi umilye, mpèdi tout pudeur ki te nan kòm. Mdi saw genyen ou pa alèz, Li di men non bòpèm ap plede manyenm Chak fwal antre la, mpa vlel parèt la ankò, Mdi kisa? li di papi vini tanpri mpral avèw, -Men kot manmanw -Li pat tandem tout lèm te eseye pale avèl. Mdil ret kache map vini Li dim ok men papi tanpri fè vit Paseke mwen pè se mwen ki pou kòm la avèl. Misye gen pouvwa, lajistis patap pran kam, Kòm mte g'on djòb sekirite san mpa mande mwen ale ak yon zam Pa menm ezite m'al defann pitit fim ki minè San refelchi mwen pran lari direksyon kay yon kriminèl Lèm rive mfonse pòt poum rantre, g Ras a Dye mrive a tann, mwen kap trennenl devan jem Mdi hey fout lagem bral, cherie ekate kòw Pandan lap kouri vin sou mwen mrale zam mwen mbrake baw!!!!! Mkoupab! Si lejitim defans mfè deranjen Mkoupab! Si se paske mpat aksepte wè dlo nan jel Mkoupab! Sim wèm lavi en jeu pitit fim an danje, Mte prefere tire yon bandi olyem te ret gad nan je Mkoupab! Si fè djòb nou nan plas nou s'on gwo mal nan vim Mkoupab! Si sove lavi pitit fim nan se yon krim MKoupab! Sim efase yon nèg ki te abizel lèl te Seule, mgarantiw mpa regrèt si pou te fèl mtap refèl
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out