Listen to 100 Vérités by Baky

100 Vérités

Baky

Hip-Hop/Rap

1,366 Shazams

Lyrics

Se pa chak jou ou pa wè solèy pou'w panse'w pral wè lapli Sekrè avèg, siw fèmen je'w, ou ka wè lap li Chak fwa'w fèb, Lapriyè Se ka sèl apwi'w Si se vre'w vle viv an pè, anndon'w sèkèy se ka sèl abri'w Nan mond sa, se pa tout bb ki jwenn bèso man Ou ka fè vi'w single siw ap chache the best Woman Dim se vrè ou pa? Kwè nan jistis men raple'w dèfwa tribinal pa kondane vrè koupab Ou ka chite Pouw pa tonbe yo kite'w bite' Nou chak ka gon ide tan poun antann nou'n pito lite Sonje, nan Oposizyon pa vle di'w nan lagè Fè Lapè, akoz de nou twòp ti jeunes al anbatè Nou wè, men nou pè fouye bouch nou nan zafè yo Nou vote Leader yo Men nan mind nou nou pa fye yo Nou just fèmen je'n poun vale tout sa yo rann Nou pa jwenn sa nou mande so n' Reziyen'n ak sa yo bann Epitou Nèg yo rich nan Kriz nou Yo kache mechanste anba veste ak kèk bèl Diskou Yo plis sou pale anpil men youn pap Pote yon èd Yap touche milyon chak mois men youn pap regle yon merde M bouke pa jwenn pandan plen nèg kap plen men Bouke wè'n kap gaspiye Pandanm wè gon pèp kap trennen M bouke wè grangou Pandan ke gran nèg kap mennen M bouke wè jè'n fi 16 ans ak granmoun 100 ans kap renmen (M bouke) Poum pa wè nou, Se 2 je'm poun pete 20ans d carrière ap travay poum fon kay prete poum prete Nou fè'm twòp, Nap ofri'm bwè, nou pap la kon'm vomi Ou wè isit, Neg ap tiye rev ou menm avanw domi Lè twal vi a kout pou ou Pa gon nèg kap koud pou ou Saw boule kawoutchou pou li a l pap boulon mil goud pou ou Wap mande'l klere'w men'w pap mande'l ki Pri limyèl Dèfwa se lè'w gade'w nan glas ou wè'w t'anfas yon kriminèl! Di yo, Sant fatra peyi'm monte mezi nen mwen Men'n fè kòm si'n pa wè, So map oblije Reziyen mwen Sou kòb tax map peye, Men'm paka jwenn sèvis Pwouvon atis nou renmenl se lè nap Plenl ak RIP Nou gate Yon Société raté Koike'n te aprann mache nou te prefere bwate M wèw te prefere gade tan pou'w aji Ou te vle jete vodou pandanw tap fè plas pou maji Frè'm M wè'w, e chak lè'm gade'w m ka we doulè'w M ka wè bote'w, m ka wè po'w menm pap wè koulè'w M pa wè black, m pa wè milat, m won sèl seri moun M won sèl Nasyon, yon sèl pèp nan sèl Peyi nou Men Peyi'm divize gen twòp konba ladanl Politisyen isit gen twòp pouvwa ladank Men lè'm wè jan nou chak ap trete youn lòt E chak fwa'w panse se sèl pou ou Pa gen règ Met nan tèt nou nap tonbe jou wè nou ta kanpe anfas yn pèp
Writer(s): Lugendy Baptista Saintibert Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out