Lyrics

Li pa gen limit, li pa gen kè li pa ti-tiye Ou pa epanye nenpòt kote w sitye Ni inosan, ni kiyès ki tiye Li pa gen baryè, li pa konn sa kilti ye Ou mèt annafè ak pa bon, w ap konn sitire l Peny ti dan mèt devan w, ou p ap konn si l sire E ou mèt fwi, ou mèt kouri Lè Cupidon debake, ou p ap konn si l tire Se rete w ap rete w ap tonbe plat Ti kè w ap vi n piti, l ap tonbe bat Ou ka menm al achte bag ou mande dat Aprè w ap pran desepsyon pou wa l tonbe bat Li parèt sanzatann lè w panse l pa la Chak moun yon kavalye pou danse bal la Dèfwa pou pa w la vini, fò w pase pa la Li tankou lanmò, fò w pase pa la Ou te mèt te tonbe, ou pral tonbe pi rèd Aah! ou te mèt te kriye, ou pral kriye pi rèd Frè m, ou mèt di w p ap tounen, w ap tounen pi rèd Ou pa gen chwa, frè m, s'on pasaj oblije W ap tonbe pi rèd Ou mèt kouri, sèmante, fè sa w vle, ou mèt evite L ap toujou frape san l pa envite E menm sou konnen w pral soufri Lè l parèt, w ap pran kè w, ou ouvri l san w pa ezite Ou pral tonbe sou youn ki ba w degou 'On lòt ap pran w nan tristès, li fè w debou Men poutan ou ka kite l pou yon lòt ou renmen plis Ki 'just'wè w tankou yon moun l ap bay de kou Lanmou, jodi, ka fè w kriye Men, demen, li pral fè w souri Li blese w grav, li brize kè w Men yon lòt moun pral ede w geri Malgre echèk ou yo Pa jwenn moun ki renmen w, o-oh! Menm si lanmou fè w monte lesyèl pa do S'on fado, ou-ouh! Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh, o-ouh, o-ouh! Li toujou koman bèl Kè kontan, souri 'aux lèvres' Ou santi w vin pi bèl, ou bwodè kou pan Ou bliye tout bagay, anyen pa egziste Ou konsakre tan w sèlman ak koup lan Apre pral gen soupson Jalouzi pral met pye Apre sa dout pran E se la w pral reyalize ke w te nayif Li twò ta, se kou w pran Men se pa konsa l te vini Ou pral mande lanmò se pa konsa l dwe fini Pou jan nou te damou, li t ap fè w bèl pwomès Pou jan w te kwè nan li, se konsa l te vini Men se ou k te la pou sa, se pa pou sa l te vini Jan lanmou parèt la, se pa konsa l te fini Pa kouri lage kè w, gade avan lage konfyans ou Nou ka toujou ansanm, se pa pou sa n dwe ini (se pa pou sa n dwe ini) Se lè w nan difikilte, w ap konn moun ki nan men w lan (w ap konn moun ki nan men w lan) Tòg! Avan w kite l rann ou avèg, toujou gad moun k ap mennen w lan Si l kite w, li pa t merite w, siye larim ki nan nen w lan Fò w reziye w, koz dèfwa li biza, fòk sa w renmen an ale pou jwenn sa k renmen w lan Se vre lanmou Lè w tonbe, ou pran lòt kou Li fè w mal, mal, mal Mal, mal, mal Fò w konnen w ap g'on jou W ap jwenn yon moun ki pou (ki pou) Vin met lajwa nan kè ou Lanmou, jodi, ka fè w kriye Men, demen, li pral fè w souri Li blese w grav, li brize kè w Men yon lòt moun pral ede w geri Malgre echèk ou yo Pa jwenn moun ki renmen w, o-oh! Menm si lanmou fè w monte lesyèl pa do S'on fado, ou-ouh! Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh Lanmou s'on lento li ye Oh-oh-oh-ooh (lanmou, lanmou)
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out