Music Video

Tafa Mi-Soleil - Mizik sove vi m, Pt 2 (Videyo ofisyèl)
Watch {trackName} music video by {artistName}

Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Tafa Mi-Soleil
Tafa Mi-Soleil
Performer
Evenie Rose Thafaina Saint Louis
Evenie Rose Thafaina Saint Louis
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Evenie Rose Thafaina Saint Louis
Evenie Rose Thafaina Saint Louis
Songwriter

Lyrics

I Tout dlo je ale, yo pa efase Bay kou bliye, pot mak sonje Moman sa yo mwen pèdi tout fòs mwen E pyès priyè pa soulaje m M te kwè mwen pou kòm Lè m ri pou moun pa konnen Sa ki blese m nan fon kè mwen M jemi pou seal la tande m alelouya Yon melodi mete m sou pye ee M p ap koube e e, M p appliye e e e E si lavi a vay ke vay m kab chante Nan chak nòt yo M twouve chimen nanm mwen Sa fè malgre M vle bay legen M gen rezon pou m kenbe Mizik sove vi m. II Lavi a konn santi kri devan mwen Pwezi a lou, fè nwè sèl chèf M pa toujou kapab kenbe rèv mwen yo Lè yo banm do, san eskize Doulè fè m danse sou yon pye Senti m mare, apre lapli tan pa vin bèl vre M jemi pou syèl la tande m alelouya Yon melodi mete m sou pye. M p apkoube e e, M p ap pliye e e e E si lavi a vay ke vay mwen kab chante Nan chak nòt yo M twouve chimen nanm mwen Sa fè malgre M vle bay legen Mgen rezon poum kenbe Mizik sove vi m. III Puiske tèt mwen poko koupe Pa dezespere met chapo Travèse dlo yo o Mizik la janbe dife m yo Doulè yo kab tounen pousyè Puiske mizik pa gen fwontyè Demen solèy la va leve. M p ap koube e e, M p ap pliye e e e E si lavi a vay ke vay mwen kab chante Nan chak nòt yo M twouve chimen nanm mwen Sa fè malgre M vle bay legen Mgen rezon poum kenbe Mizik sove vi m.
Writer(s): Evenie Saint-louis Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out