Lyrics

Update - Ou Fè m Mal Ou fè m mal Ou fè m mal Nan moman difisil nou te rankontre M te tou dezespere kè m te devaste Mwen t ap viv mal yon relasyon k te pase Mwen te di lanmou pou mwen pa t egziste Numewo vin tonbe lè w te apwoche m Malgre tout sa w montre m pat avanture m Ou fè m konnen nan vi a fò w eseye Lè m pran chans mwen epi gade m -PreHook- Se pwomès ou te fè m Ki fè mwen te aksepte Mwen te ba w kle kè m Pawòl ou te fè m panse Tout mizè mwen fini Mwen gen yon moun pou m apiye Mwen retwouve souri Jaden lanmou mwen repouse Pouki w antre nan vi m Pandan w konnen w pa p rete M fenk soti opere Anba yon lanmou tèt chaje Sou menm sikatris la Se yon kouto ou vin plante Kounya men kè m nan men m Pa gen doktè k pou operel -Chorus- Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Ou te fin fè mwen damou w, yeah Cheri w te fè m kwè nan ou, ohw Bag la t gentan pou ou baby Men se pa t sa k nan tèt ou Ou pa menm pran tan w gentan afiche l Rele w nan telefòn ou pa dekwoche l Love mwen t ap ofri w la ou pa t merite l Mwen te ba w kè m an pyès gad jan w demonte l -Chorus- Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Cheri ou, ou, ou fè mwen mal Se kounya m wè sa Fè mwen damou, plede jwe avèk sa Wi se kounya m wè sa Plede fèm fou Cheri ou fèm twòp mal! (Keyboard Solo) Ou se yon _briseuse de coeur_ (Oh yeah ... Ou se yon fanm _sans coeur_ (Manman... Se sa w ap mache fè You see my pain But you don't care × 2 Ou se yon _briseuse de coeur_ (Oh yeah ... Ou se yon fanm _sans coeur_ (Manman... Se sa w ap mache fè You see my pain But you don't care × 2 (Keyboard Solo)
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out