Lyrics

Papa Ou di'm pa enkyete'm Men Pou jan'm wè lavi'm kape Sou pant pou'l degringole Se sèl ou'k ka kenbe'm Senyè m' Se vre m' dwe fè'w konfyans Men Men map soufri an silans Nan yon konba poukont mwen Pèson paka tande'm Libere'm Libere'm souple Paske map neye Anba chay peche'm yo M' antrave Nan eta mwen ye a Senyè mwen, papa mwen Tanpri vin sove'm Nan kè'm (Nan kè'm, nan kè'm, nan kè'm) Anndan kè'm se lagè E nan panse'm menm son lanfè (Senyè) Yo ka remake jan'm souri Men yo pa konn soupi'm yo Map soufri (An silans, pa gen moun ki konprann) E sanble m' vle mouri (San konesans, Senyè se ou map tann) Pou libere mwen Libere'm souple Paske map neye Nan mitan peche'm yo M' antrave Nan eta mwen ye a Senyè mwen, papa mwen Tanpri vin sove mwen (Paske) Se ou sèl ki ka padone (Peche ouhh) Jewova map mande'w pitye Nan mitan basen peche Mwen santi m'ap trepase E Mwen prèt pou'm pèdi souf mwen Ap koupe M'pakapab kenbe eeeee (Senyè se ou map tann) Libere'm Libere'm souple Paske m'ap neye Nan mitan pechem yo Padone 'm Pou eta mwen ye a Senyè mwen, papa mwen Tanpri vin sove 'm
Writer(s): Sebastien Pierre Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out