Lyrics

Mwen diferan Mwen konnen m pa bèl gason e yo di mwen sa souvan, oh, non! Mwen diferan Mwen konnen mwen pa jènjan E nan je w m pa enpòtan, oh, non, eh! M konnen m pa yon selebrite Lè m ap mache fò yo kanpe Pou fawouche m ak sa m sanble e jan m mache Pami tout nèg ki sou latè Mwen se dènye ou t ap janm wè Sa pa detounen kouraj mwen ak volonte mwen Mwen diferan M gen dwa pa nan gou w, men m konnen mwen gen konpetans, oh, non! Mwen diferan Tout gason ap fou pou ou E m sèten yo gen rezon (oh, non, eh) Mwen pa ka fache ak Bondye Pou l envante m yon lòt fason Pou li chanje yon vye krapo an 'prince charmant' Nan je w, se pa yon zanj mwen ye Men sa ki anndan m se li k konte Kite m montre w kouraj mwen ak volonte mwen Si w te ka ban m yon chans Pou w dekouvri anndan kè mwen, oh, oh-oh-oh! Gade nan kè mwen, baby Pa gad sou aparans mwen Gade nan kè mwen, baby Gade nan kè mwen, baby Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan Cheri, mwen diferan Met men w sou kè m, w a wè Gade nan kè m, w a wè Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan Cheri, mwen diferan Met men w sou kè m, w a wè Gade nan kè m, w a wè Oh, mwen pa flannè, ni m pa konn abiye Men m genyen konesans ak larezon M p ap ka mennen w voyaje tout kote Men, si ou vle ale sou do m, m ap pote w Cheri, m diferan Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan Cheri, mwen diferan Met men w sou kè m, w a wè Gade nan kè m, w a wè Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan Cheri, mwen diferan Met men w sou kè m, w a wè Gade nan kè m, w a wè Let me show you How I love you Let me show you Oh, mwen pa flannè, ni m pa konn abiye Men m genyen konesans ak larezon M p ap ka mennen w voyaje tout kote Men, si ou vle ale sou do m, m ap pote w Cheri, m diferan Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan Cheri, mwen diferan Met men w sou kè m, w a wè Gade nan kè m, w a wè Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan Cheri, mwen diferan Met men w sou kè m, w a wè Gade nan kè m, w a wè
Writer(s): Inconnu Compositeur Auteur, Sanders Solon Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out