Lyrics

Cheri kase bwa nan zòrèy mwen fè m santi tout sa m ta fè Met pawòl chita nan fyèl, retire lide anmè Kite nan bouch an m, ki kole nan tèt an m Fò w ta fè mwen repran nanm Cheri kase bwa nan zòrèy mwen, fè m santi tout sa m ta renmen Met pawòl sou mwen Baby si w gen may pa ezite ban mwen Gade m nan je di m sa w pa genyen Mete may, mete may Met pawòl sou mwen Baby si w gen may pa ezite ban mwen Gade m nan je di m sa w pa genyen Mete may, mete may Mwen ta renmen w mete w nan plas mwen Mete w alèz bwè de vè kleren Hey baby - hey baby, hey baby Pawòl tafia w a koule sou mwen Si w ta fè mwen kwè m ka vole M a pran elan mwen mayigate Hey baby - hey baby, hey baby Pale pale w manman pale pale ou Tout sa w ap bay – tout tout Nenpòt ki manti l ta ye – tout tout Cheri w mèt banm kenbe l – tout tout Fè m santi m kite Si w ta fè mwen kwè m ka vole M a pran elan mwen mayigate Hey baby - hey baby, hey baby Pale pale w manman pale pale ou Met pawòl sou mwen Baby si w gen may pa ezite ban mwen Gade m nan je di m sa w pa genyen Mete may, mete may Met pawòl sou mwen Baby si w gen may pa ezite ban mwen Gade m nan je di m sa w pa genyen Mete may, mete may Manman koute, ou gen w mòd ou kenbe men m M santi w bezwen m Ou gen on mòd ou karese m, m santi w renmen m Men may sa, ti bwa sa w ap kase nan zòrèy mwen an M renmen l a mò Oh oh oh oh M renmen l a mò Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen Gen jou chasè tounen jibye gen jou dife boule ponpye Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen Lavi a se jou va jou vien, jodya se tou pa mwen M ap ouvè kò m kòmsi sa pa fè m anyen Men bagay sa te kraze kè mwen Si m te ba nou bon story a, ou tap wè jan kè m te fè zenglen Li ban m blòf sou blòf, blòf sou blòf, m pat konnen gen moun fò ke mwen Pou janm bay may nan lari a, pa enkyete nou mwen peye sa Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen Gen jou chasè tounen jibye gen jou dife boule ponpye Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen Lavi a se jou va jou vien, jodya se tou pa mwen
Writer(s): Medjy Toussaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out