Listen to Se Pa Pou Dat by Ori G

Se Pa Pou Dat

Ori G

R&B/Soul

51,645 Shazams

Lyrics

ORi-G Chreessy M ta renmen makonnen lanmou baby fon sel avèw Se pa pou dat dat dat M pran tròp kou m pa gen kè poum bay brize ankò M gon lanmou nan kèm pou ou se pa pou Tann dat dat dat Depi lèm kwazew la ou fè kèm bat bat bat M te gon moun kap fèm soufri pou ou m fèl bat dadal Ou se remèd tout maladi bòkotew m paka die (iyeee) M ta renmen makonnen lanmou baby fon sèl avèw M ta renmen vinn viv sou tè epi fè syèl avèw Poum posedew pou map fè sik pou map fè sèl avèw Kot desten kache se la map mennenw pou mal fèl avèw Ah avèm lanmou ou asire Map jere tout problem menm yon jou pouw pa kriye Ou son bèl etwal nan kè mwen pouw ta briye Ou bèl tankou yon anj genlè se ou poum ta priye (iyeee ii) Femen jew kite m'al avèw Kot desten kache kite m'al avèw Paka fon jounen poum pa pal avèw M pap santim alèz poum ta marye cheri se pa avèw Eske wap kanpe dèyè tout saw di yo Eske wap toujou la lè maladi yo Lanmou se yon grenn bal se lèw pèse ou wè Olyem rete sou fri nan lanmou m pito jwe pèsonèl Sou pyès moun pa mize ankò M pran tròp kou m pa gen kè poum bay brize ankò M pap fè jalouzi m pap atriste ankò Pa vin fèm bèl promès apresa pou fem kriye Kotek gen tristès se law pral avèm Kotek pa gen lanmou se law pral avèm Kotek gen chagrin se law pral avèm Siw gen pouw marye se ak yon lòt men se pa avèm Se pa pou dat map Tann ou Se pa pou dat mwen renmenw pou dat mwen bezwenw poudat map chache ou Se pa pou dat map kriye Pou dat map soufri M pa janm ka jwenn lanmou Ou met fèm konfyans cheri'm renmenw mèt kite menm nan menw Kote desten kache cheri se la mwen vle mennenw Mwen abitye ak chanson sa pa tounen sou sa Pral fin fèm kwè nan ou pouw vire dow pou kitem konsa Femen jew kite m'al avèw Kot desten kache kite m'al avèw Paka fon jounen poum pa pal avèw M pap santim alèz poum ta marye cheri se pa avèw Kotek gen tristès se law pral avèm Kotek pa gen lanmou se law pral avèm Kotek gen chagrin se law pral avèm Siw gen pouw marye se ak yon lòt men se pa avèm
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out