Lyrics

Kote moun yo, oh M pa wè moun yo, oh Mwen sonje lontan lè m gen vakans twa mwa S'on plezi pou mwen desann kay gran Tiya Pou n al manje mango Al benyen nan gwo dlo Mwen sonje sa kòmsi se te jodi a Mwen menm ak tout ti zanmi sou katye a Lè n ap fè jwèt lago Jwe foutbòl ak boyo Men kounyeya bagay yo chanje Mwen pa wè timoun jwe mab, ni jwe oslè Yo pa sote kòd, moute kap (Nou mele, nou mele) Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh!) Kote moun ki konn jwe foutbòl avè m? Pa wè timoun ki te grandi avè m Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh) Kote moun ki te enpòtan nan kè m? Pa wè timoun ki te grandi avè m Jan sa konn bèl chak swa Lè n chita nan lakou a Tout timoun nan pye gran Pa K ap rakonte n bèl istwa Jan sa konn bèl lè nou desann nan jaden Al manje kachiman sou pye, bwè dlo kokoye ole Nou fè laviwonn Dede Men, kounyeya, bagay yo chanje Timoun pito manje manje kachte Bagay ki sot aletranje (Nou mele, nou mele) Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh!) Kote moun ki konn jwe foutbòl avè m? Pa wè timoun ki te grandi avè m Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh) Kote moun ki te enpòtan nan kè m? Pa wè timoun ki te grandi avè m (M chache, m chache yo) Gen sa ki egzile (m chache, m pa wè yo) Gen sa ki depòte (m chache, m chache yo) Gen sa k al jwenn Bondye (m chache, m pa wè yo) Jou you potko rive Gen sa ki toujou la Ki gen lespwa sa va chanje, y a delivre (Tout bon vre, tout bon vre) wo-yo, wo-yo Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh!) Kote moun ki konn al lekòl avè m? Valè timoun ki te grandi avè m Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh) Moun Petyonvil yo Ri Ajan Pòl yo Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh!) Kote moun ki konn jwe foutbòl avè m? Pa wè moun ki konn al lekòl avè m Kote moun yo? (Oh-oh!) Mwen pa wè moun yo (oh-oh) La-la-la-la-la, ye!
Writer(s): Jean Belony Murat Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out