Lyrics

Nan mitan yon batey k te brile Se la lavi poze w Abitasyon de las Siayas Manman w kontre papa w Bèt la leve, l manje toulède Men ou resi chape Lanmò lavi nan kò w, w ap goumen Chak jounen w s on kado Maricela Koubaba Se la lavi poze w Ou pa t mande pou w te la Zetwal ou klere konsa Maricela, mi bella Li twò bonè e li twò ta Querida, si ou la Gen yon bon rezon pou sa Mmmh, mmh-mmmh! Hou-ouh, ha-ah, he-eh, ha-ah! Mmmh! Mmmh! Si w la, se pou nou ka sonje Kouman lavi gate n Pou limyè, pou lasante Fò n remèsye laprovidans Genyen dousè sèlman nan fon je w Ki fè m bliye doulè w On solèy Bondye voye Pou chofe tout sa ou pwoche Maricela Koubaba Se la lavi poze w Ou pa t mande pou w te la Zetwal ou klere konsa Maricela, mi bella Li two bonè e li twò ta Querida, si ou la Gen yon bon rezon pou sa Mmmhm! (Maricela) (Mi bella) Li twò bonè e li twò ta Maricela Maricela Maricela Maricela Cela Maricela (mi bella) Li twò bonè e li twò ta Querida, si ou la Gen yon rezon pou sa Ayayay, Maricela, mi bella, mi bella Li twò bonè Maricela
Writer(s): Emeline Michel Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out