Listen to Deblozay by BélO

Deblozay

BélO

World

1,990 Shazams

Credits

PERFORMING ARTISTS
BélO
BélO
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Jean Belony Murat
Jean Belony Murat
Songwriter

Lyrics

M ekri mizik sa a pou tout moun ki renmen tripotay vwazinay bò lakay, pote bay (allright!) Moun kanpe sou de ran, gen sa k ap griyen dan Bagay sa m ap di n la a, pase nan riyèl pikan Vwazinay ap eseye kalme Man Lauran Men manmzèl kanpe sou dekan Eskandal piblik, lari te gentan bloke Madan Lauran move, manmzèl estomake Men se konsa l t ap pale Tout vwazinay ap tande "Gade, monchè Lauran! pa pèmèt ou banm kou Si w leve men w sou mwen, m ap pale chèf pou ou Lè w konnen w se nèg ki jalou, ou pa damou Fanm ki se pwa lou ki ka twòp pou ou" Deblozay Deblozay, wayayayayay! Deblozay Deblozay, ayayayayay! Te gen yon zanmi Lauran k te kanpe sou yon balkon Li anvi desann, men l pè kout baton Li konnen trè byen ki bwa madanm sa a chofe A distans, l ap bay Lauran pawòl pou l ale Pou malè pa rive G'on vagabon di "Sak pran w? Lauran sak pran w? Ou sanble w leve ak yon madichon nan kò w Ou deja konnen madanm nan pa t ap pran sa nan men w Pouki w ap fè jalouzi? Pouki w ap bat kò w, Lauran? Sa k pran w? Di m non! Sa k pran w? Se ou k fè erè w ki lakoz ou nan Deblozay" Deblozay, wayayayayay! Deblozay Deblozay, wayayayayay! Si w ap okipe vwazinay, y ap fè w fè tenten Si w ap antre nan tout detay, w ap toujou nan zen Si w ap tolere tripotay, ou p ap ka viv byen Sa ki mete Lauran nan tout sa a? Se tripotay Sa ki fè Lauran nan zen sa a? Se twòp detay Sa ki mete Lauran nan mera? Se vwazinay, tripotay bò lakay Gade yon sitiyasyon ki met Lauran nan deran Moun kanpe sou de ran, gen sa k ap griyen dan Bagay sa m ap di n la a, pase nan riyèl pikan Vwazinay ap eseye kalme Man Lauran Men manmzèl kanpe sou dekan Eskandal piblik, lari te gentan bloke Madan Lauran move, manmzèl estomake Men se konsa l t ap pale "Gade, monchè Lauran! pa pèmèt ou banm kou Si w leve men w sou mwen, m ap pale chèf pou ou Lè w konnen w se nèg ki jalou, ou pa damou Fanm ki se pwa lou ki ka twòp pou ou" Deblozay Deblozay, wayayayayay! Deblozay Deblozay, ayayayayay! Oye! Gade deblozay Oye! Sa se fot vwazinay Oye! K ap pot tripotay Oye! Deblozay Deblozay
Writer(s): Jean Belony Murat Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out