Lyrics

stella#1 Yon 24 desanm mwen t'ap mache nan lari Pòtoprens Se avèk tristès mwen rankontre yon ti pòv k'ape di mwen Pou mwen sa se pa Nwèl, s'on flèv mizè k'ape koule Ou kapab trouve l bèl, ou gen fanmi ki pou gate w Mwen menm m'pa gen pèsonn, mwen just ap bat dlo pou m fè bè Si'w wè m mande lemond, se paske m vle yon Nwèl meyè M'di Tonton Nwèl kote ou ye Nan yon peyi moun pap fete Mwen di Bondye kote ou ye Pot delivrans pou malere Yon 24 desanm mwen t'ap mache nan lari Petyonvil Ti kè m dechire lè m t'ap gade yon ti granmoun k'ape plenyen Depi 75 an m'ap mennen yon vi difisil Pa gen 'on moun ki f'on jan pou banm yon ti dra pou m kouvri m Ou te mèt pa gen nanm, ou dwe konprann jan m'ap soufri Bondye si'w te ka pran m, mennen m avè w pou m sa souri Yon 24 desanm mwen t'ap mache sou Pòtay Leyogan Ke m te gen lapenn lè m t'ap koute yon ti fi k'ape kriye Yon pa janm ban m anyen, men mwen te blije reziye m Lonje 'on poupe banmwen, se pa de kontan m'ap kontan Lè Nwèl sa a fin pase, se domaj g'on lòt k'ap tounen Si w wè m dekouraje, se paske m'ape mal mennen M'di Tonton Nwèl kote ou ye Pot delivrans pou malere Mwen di Bondye kote ou ye Nan yon peyi moun pap fete
Writer(s): Michael Benjamin Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out