Lyrics

Soley poko kouche Ti mafi ap kalkile Tout mize li pral pase Pou'l fe kob la rive Fe nwa apen mete pye Sou de pye'l kanpe Mete'l byen fre pou l'al poste Nan kafou a l'pa prese pou'l rive Li menm sel ki konnen L'ap fe l' san l' pa pleyen Se pa renmen l' renmen l' Men se lavi k'ap malmennen l' Ti mafi ape tieke Tout machin k'ape pase Menm si yo pa interese kisa yo di? Kisa yo fe? Yo ralanti pou yo joure l' Le gen yon ki kanpe Fo l' fe pri fo l' negosye Konbyen moun ki pral pase Konbyen lajan li pral touche Le kob la tonbe Li paka kontan li paka fache Retounen al ponche Nwit la long e l' fek komanse Bridge Manman l' paka travay Sa fe lontan pap l' kite kay Kom eritaj Yo bal on chay pou li pase tray Degaje pa peche Se sa yo fe l' panse Lavi toujou ba w' le chwa Ti manman cheri L'pa blije konsa Si'w vle chanje li pa janm two ta Kenbe la Ou vo plis ke sa Pa dekouraje Pa lese w'ale Kembe la Ou vo plis ke sa Pa dekouraje Pa dezespere Li deside pou li chanje lavi l' Bagay yo ka chanje si w' vle Li semante pou li kite Letenel bal yon ti chans Se sa l' bezwen se sa l' mande Letenel bal yon ti chans La sosyete fo n'pa juje l' Letenel bal yon ti chans Papa bondye pa neglije l' Degaje pa peche se sa li te panse Kouny'a lavi l' chanje Sel sa m'ka di w' baby kenbe ka ...
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out