Lyrics

stell#1 Sa Wap Fè Avèm... Paroles et Musique: Alan Cavé Mpèdi lanmou Ki tap mache avèm Se retem rete mpa wèl Lòm vire gade mpa wèl Lanmou lage menm Pandan mtap mache avèl Mte nan twò prese Ap regle lòt zafè Siw rankontrel, wa dil pou mwen Kijan ou wèm dekontwole Dil pou mwen mpa byen Dil pou mwnen mpa byen san li Pa menotel, pa bouradel Just fèl konnen kouman mwen ye Dil pou mwen mpa byen Dil pou mwen mpa byen Sa wap fè avèm, sa wap fè avèm Mpèdi lanmou Ki tap mache avèm Se retem rete mpa wèl Lòm vire gade mpa wèl Lanmou kase kòd Pandan mtap mache avèl Lò jem desiye Chagren te gentan fin fann kèm Siw rankontrel, wa dil pou mwen Kijan ou wè mwen toumante Dil pou mwen mpa byen Dil pou mwnen mpa byen san li Pa menotel, pa bouradel Jis fèl konnen kouman mwen ye Dil pou mwen mpa byen Dil pou mwen mpa byen Sa wap fè avèm, sa wap fè avèm Cheri m' mande sa wap fè avèm Doudou m' mande sa wap fè avem Ap gen lanmò nan kay Siw pa di mwem sa wap fè avèm Se ambilans wa va rele pou mwen Sa wap fè avèm Di mwen, di mwen, di mwen, sa wap fè avèm Cheri m' mande – sa wap fè avèm Tanpri di mwen nan kisaw lagem la Lalin lan klere san rezon Sezon yo ap pase devan je mwen Sa wap fè avèm Lavim tounen yon lanfè Dil pou mwen, mwen bezwenl Babe, sa wap fè avè mwen, sa wap fè avè mwen Sa wap fè avè mwen Babe, sa wap fè avè mwen, sa wap fè avè mwen Sa wap fè, sa wap fè, avè mwen. Sa wap fè avèm Map mamde w baby, sa wap fè avèm Map mande w, ki sa wap fè avèm, sa wap fè avèm Mpèdi lanmou mwen sa wap fè avèm What you gonna do, what you gonna do Mwen pèdi lanmou mwen Mwen pèdi lanmou mwen Ki tap mache avèm Ki tap mache avèm
Writer(s): Alan Cave Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out