Lyrics

Ale, ale, ale Oh, lè a rive, fò w ale Adje, oh! Si l deja mouri, kite l ale (kite ale-e-e) Si l deja travèse, kite l kontinye (oh, ale, ale-e-e) Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete (oh, non, non, no, no) Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale, oh Au nom du père et du fils, papa ak pitit ki bay lavi Au nom du Saint Esprit ki diferan de Ogou Badagri Yon sèl Dye an twa pèsonn fè chak pèsonn sanble Bondye Avèk diferans ke yon jou nan yon sèkèy n ap alonje Lavi blengendeng, plezi, soufrans, gen desann, gen monte Lanmò ti landeng di ke nenpòt sa k monte, fò l desann Lè yon moun mouri s on ekwasyon de pye kout pran devan Depoze l nan simityè a, epi ann pike douvan Viv, viv paske se sa ki esansyèl San inyore fò n mouri si n gen entansyon al nan syèl Diskou sou lanfè ak paradi deja plen zòrèy nou N ap bouke opine de yo lè n kouche ap gad tèt zòtèy nou Si l deja mouri kite l ale (kite l ale, kite ale-e) Si l deja travèse, kite l kontinye (men se Bondye ki rele l) Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete (oh-oh-oh, no, no) Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale, oh (Louvri chimen a pou lale) Vlope m, mare m, antere m nan vye nat la Pou sa k pa gen lajan, sa se opsyon dènye zèl kat la Gen lòt ki se bèl sèkey dore pou ti sezi vin adore Nan vokabilè Tonton Bicha, "Tout mò se malore" Gen moun ki mande mouri, akoz de yon moun ki mouri Poutan lanmò pa souri ak sa k pa prè pou peri Mwen menm, jou m ale, kolekte de twa bon beat Mete DJ nan lari, menm si m pran nan yon mò sibit Taktik, tik tak, chak segond ki leve pye l, gen yon tan k ap pase Krak krik, krik krak, pandan ke m ap leve pye pa m tou, gen lòt k ap trepase Gen moun ke lanmò vin pran nan salon l Gen wondonmon ki fè l mache jouk li kraze talon l Gen moun lanmò pran kou ti vakabon Men gen lòt avèk respè l mete M devan non l M pa konn kijan m'genyen pou m ale Men anpalan de lanmò mwen pa vle mouri san pale Tankou 'on vètè ou anbale, antere m E si li posib pou n wè anwo, n a pale E-e-e-e-eh Adje-e-e-e, ou-ou-ouh E-e-e-e-eh Si l deja mouri kite l ale (ale, kite l ale-e) Si l deja travèse kite l kontinye, oh (oh-oh) Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete (oh, non pa vin pou rete) Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale, oh (sa w di a g on mesaj) Si l deja mouri kite l ale (oh, vant kòde, lage m, oh) Si l deja travèse kite l kontinye, oh (kite l a-a-a-ale) Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete (oh, non, non, non, non) Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale, oh
Lyrics powered by www.musixmatch.com
Get up to 2 months free of Apple Music
instagramSharePathic_arrow_out