Listen to Lapatri an danje by Medjy

Lapatri an danje

Medjy

World

19,948 Shazams

Lyrics

Mwen pa konn si se vre vre vre vre vre Gen kèk jou map doute te te te te Sa m panse a ka pa sa M gen anpil soupson sou sa M espere se pa vre vre vre vre vre Kiyès kap pran foto yo Ki reflè k nan linèt yo E se nan moman sa yo Ou di w pa gen sinyal yo Men story w toujou chaje Ou lage yo pa milye Lè se pou palavè m Se toujou an denye Wap panse a on lòt Pandan mwen bò kote w la Kè w ap bat pou yon lòt Pandan mwen bò kote w la Wap dòmi reve on lòt Pandan mwen bò kote w la Mete m sou menm Si w bezwen m sot kote w la Wap panse a on lòt Pandan mwen bò kote w la Kè w ap bat pou yon lòt Pandan mwen bò kote w la Wap dòmi reve on lòt Pandan mwen bò kote w la Mete m sou menm Si w bezwen m sot kooo Lapatri an danje Nou fè lanmou chak jou Men ou ta di nou kite Se pa twonpe w twonpe m M santi kè w yon lòt kote Nan on lòt katye Ak on lòt mouche E m pa rayi w pou sa M pa men ka rayi w pou sa Men cheri ego m pa pèmèt mwen Mantalite m pa pèmèt mwen Ret a on moun ki pa bezwen m Ret a on moun ki pa renmen m Bebi ego m pa pèmèt mwen Mantalite m pa pèmèt mwen Ret a on moun konsa non Pa gen aa konsa hm hm hm Wap panse a on lòt Pandan mwen bò kote w la Kè w ap bat pou yon lòt Pandan mwen bò kote w la Wap dòmi reve on lòt Pandan mwen bò kote w la Mete m sou menm Si w bezwen m sot kote w la Ki moun ki di koze lanmou Sa sete yon bèl bagay la Jan map soufri a mezanmi Montre m kote bèl bagay la M ofri tout sa m genyen san kondisyon M ofri tout santiman m san previzyon Ke on jou modi lavi Ka fè w vin anonse mwen babay la Sa k rèd la wap ka repran m Lè w ta vle a Baryè m yo pap kenbe Jan m ta vle a Pouki w toumante m Bebi w toumante m O wi w toumante m Wap panse a on lòt Pandan mwen bò kote w la Kè w ap bat pou yon lòt Pandan mwen bò kote w la Wap dòmi reve on lòt Pandan mwen bò kote w la Mete m sou menm Si w bezwen m sot kooo Sa k rèd la wap ka repran m Lè w ta vle a Baryè m yo pap kenbe Jan m ta vle a Pouki w toumante m Bebi w toumante m O wi w toumante m
Writer(s): Medjy Toussaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out