Lyrics

AndyBeat M'ap pran on lòt chans Lanmou chanje mizik, m'ap f'on yon lòt dans Mwen fè anpil eksperyans Gen nan yo ki bon, gen nan yo se rans Renmen a goch, renmen a dwat Yo ka di tèt pa dwat Depi'm renmen pou ou kè'm ap bat Nan peyi damou m' prale tèt dwat Pou mwen lanmou pa gen pitye Tèlman m'kriye Dlo je'm ka fè kanal Relasyon m kraze pou rezon ki banal (Oh) Nou tout enfidèl, n'on fason ou yon lòt N'ap twonpe youn lòt Men, m' chwazi fè'w konfyans Pou'm pran 'on lòt chans Nou tout enfidèl, n'on fason ou yon lòt N'ap twonpe youn lòt Men, m' chwazi fè'w konfyans Pou'm pran 'on lòt chans Brize Kè m te brize yon fwa Mwen Kriye plizyè fwa M' sèmante a chak fwa men m' damou ankò Brize Kè m te brize yon fwa Mwen Kriye plizyè fwa M' sèmante a chak fwa men m' damou ankò M'ap pran on lòt chans Lanmou Chanje mizik, m'ap f'on lòt dans M' Konnen m' ba'w pouvwa pou'w kraze'm Mwen deside kwè w'ap repare'm Si'w kite'm, m'ap jwenn yon lòt Si sa pa mache m'ap pran yon lòt ankò Byen petèt se foli Sa'n bezwen se konfyans youn nan lòt Je fèmen bra louvri M'lage kè'm nan pla men'w cheri M' ret kwè menm lè'm soufri M'ap jwenn yon moun pou fè'm souri Nou tout enfidèl, n'on fason ou yon lòt N'ap twonpe youn lòt Men, m' chwazi fè'w konfyans Pou'm pran 'on lòt chans Nou tout enfidèl, n'on fason ou yon lòt N'ap twonpe youn lòt Men, m' chwazi fè'w konfyans Pou'm pran 'on lòt chans Brize Kè m te brize yon fwa Mwen Kriye plizyè fwa M' sèmante a chak fwa men m' damou ankò Brize Kè m te brize yon fwa Mwen Kriye plizyè fwa M' sèmante a chak fwa men m' damou ankò
Writer(s): Drayann Waynee Durand, Lord Wensky Jolissaint Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out