Lyrics

MAJORI Yeah Yeah yeah yeah Majori Bwote dlo pa kiyè pou m ka ranpli kanari mwen Se tout yon sinema pou map chare moun kap ri mwen Sa yo pa konnen, seke vrè lanmou pa konplekse Yap griyen dan sou mwen, men pou ou m pap janm vekse M pa wè kisa pou yon moun ta dim pou fèm abandone Ni mpa vle wè mpa vle tande se wou sèl ke mwen vle E m pare poum fè tout sakrifis ke lanmou saa ta vinn mande Ni mpap okipe pawòl moun isit se ou menm sèl m adore Majori ye e ... e e Majori, Majori ye e ... Majori Aladelante se wou mwen vle E mi amor eya, eye eya E mi amor eya eya eya Majori Aladelante Nan imajinasyon'm map viv avèw komsi nou te abite ansanm deja Mwen tèlman wè mwen pwal byen viv avèw Chak jou mwen leve mpa sispan louwe Jah Lanmou mwen genyen pou ou, fèm balade san m pa mache Se santiman m gen pou ou kap fèm travèse granri san gade Moun san konprann ki ap obsève Yo pa konprann kisa kap pase Mwen pa vle wè, mpa vle tande se ou menm sèl mwen domi reve E m pare poum fè tout sakrifis ke lanmou saa ta vinn mande Ni mpap okipe pawòl moun isit se ou menm sèl m adore Majori ye e ... e e Majori, Majori ye e ... Majori Aladelante se wou mwen vle Ey mi amor, eye eya Ey mi amor eya eya Majori
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out