Lyrics

Pat kwè yon jou sa ta rive Ta pi move bagay ki ekziste sou latè Dpi menm jou mwen te kontre'w Te wè w tro lou mwen te dwe pran san'm depoze'w atè Menm te anvi jwe le heros Montre fanmi zanmi, gen defi m'te ka leve Malgre'm te wè w chaje defo Te espere yon jou kanmenm ou te ka chanje Malgre avè w pat gen problèm Tout sa'w vle m' vlel tou Tout sa ou fem yo se kou'k pou touyem Menm vwazinaj di pouki m pa jetem Realize sim kite jou barem Ka gen plis problèm e Tout saw paka jere Yon lot ap fel pou ou Tout saw voye jete Yon lot ranmasel pou ou Renmen saw genyen Pou demen w pa di si w te konnen Renmen sa w genyen Pou pa di lanmou pa fèt pou ou o Te la wa pe trete m mal, hmh hm èy Plede diw pil vye mo sal hmh hm èy Koulya male men se lè sa ou vle pou n eseye ah ah Ou te genyenl gratis men koulya ou e lajan w prè pou peye ha ha Dim pat janm manke anpil bagay pil bagay Mache fè moun tout kote dim pa bon Menm la pou nou map batay Epi koulya se lanmou wap mawon Pou ou m tap sakrifye lavi m Ou fèm parèt lèd devan zanmi m Mwen fè tout bagay pou chanje ou pa konprann oh Pandan koulye a ou bezwen atansyon m vire dom male Tout saw paka jere Yon lot ap fel pou ou Tout saw voye jete Yon lot ranmasel pou ou Renmen saw genyen Pou demen w pa di si w te konnen Renmen sa w genyen Pou pa di lanmou pa fèt pou ou o Pat janm gen kont ave w Pat janm derespekte w Pat janm dezobeyiw. Ou bliye si lavi gen revè Ou imilyem ou pa banm valè Mwen bò kotew ou pa okipem Ou fe tout bagay pou deranjem Tout sak nan menw ou voye li jete gen yon lot ki la pou ranmasel Aprann renmen tout sa ou prosede lavi a senp piga konplikel Tout saw paka jere Yon lot ap fel pou ou Tout saw voye jete Yon lot ranmasel pou ou Renmen saw genyen Pou demen w pa di siw te konnen Renmen sa w genyen Lavi a se yon boul kap woule o Oh oh oh oh oh oh oh Sak pa bon pou ou bon pou yon lot Ye lele le le lele Sak pa anyen nan jew chè pou yon lòt Oh oh oh oh oh oh oh Lew renmen yon moun fel santil moun o Ye lele lele lele Bal enpotans pa metel apre moun o Oh ohoh ohoh ohoh
Writer(s): Mandela Jean Francois Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out