Lyrics

Yon eksperyans ki kite kè brize Fe yon jou m deside di mpap pran lanmou o serye Fe rezistans,pat vle avantirem Chak fwa mwen rankontre lanmou mte anvi lage pyem Men depim fin kontrew Anverite m'chanje lide Ou geri kè blesem Ou fèm ap souri san rete Wi ou chanjem Ou debakew okipe lepri mwen Ou banm lanmou lannuit kou lajounen Lavim nan menw cheri fè sa ou vle Lavim nan menw cheri fè sa ou vle. Ou pranm ak dlo nan je Ou met lajwa nan kèm Lontan yo te jetem Jodiw remonte valèm Cheri nan lavim ou se pi bèl kado Pou ou tout zanmim mèt relem mawozo Ou fè ou fè nan vim sa lot moun pat janm fè avan Fok ou ta anndan kèm pouta konprann janw enpotan Dèfwa mwen konparew Menm paka ranplasew Si Bondje pat kreyew Anveritem ta envantew Ou debake w'okipe lespri mwen Ou banm lanmou lannuit kou lajounen Lavim nan menw cheri fè sa ou vle Lavim nan menw cheri fè sa ou vle Ou chanje lavim, mwen pa regrèt mwen te kontrew Dèfwa manvi rele mande Bondje kotew te ye Anmweeee o anmweeee o Men se avèw poum ta ye poum ta konprann kisa k lanmou Ou chanje lavim, mwen pa regrèt mwen te kontrew Dèfwa manvi rele mande Bondje kotew te ye Anmweeee o anmweeee o Men se avèw poum ta ye poum ta konprann kisa k lanmou
Writer(s): Mandela Jean Francois Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out