Lyrics

M ap gad nan glas la m santi m tankou w kliche Mvoye je m nan menm m wè men w k ap glise Se fòt mwen anfet paske pandan ou w te prèt pou w parye Tout lavi w sou mwen an mwen menm m t ap triche Ou kwaze m nan on peryòd kote fenwa te plen m Kote lide swisid te plen memwa m ou refomate plan m Ou ban m souri w pou m al montre solèy la m pa pè l Ou renmen m san ni pòch mwen e ni figi m pa bèl Ou ofri m kè w pandan mwen m tap chache kote pa m nan ye Wantre nan bak mwen pandan m t ap chache kote pou m nwaye M te nan prizon ou vini w ofrim libete nan bra w M te san vi ou vini wofri m ti moso nan pa w Si se te pou ou m tap ere kwè m ou te fè sa w kapab Ou te wè mank yo san reflechi ou te bay sa w ka bay Men pou m ret onèt a tèt mwen m oblije bay verite Wofri m vrèman plis ke sa on moun tankou m ka merite E anvrè sou ou m pat sipoze poze rega m Pandan w te ofri m refij mwen sèl sa m t ofri w se te dega M pat rive alawotè e sa menm lè m te pran echèl Lè chwa enpòtan te vini pou m fè m te mete w an echèk Si peyizaj lan gri nan mwen limyè a fenwa vin ansanm M paka ofiri w lapè w vle a m gen twòp konfli andan m Gen bagay ke bouch Mwen te di w ke kè m pa t okouran M vle rann ou asansè a men santiman m pa gen kouran M jwe vi an kou lido m lanse l la bay sa l vle bay Petèt sa ka ede w konprann sak fè lanmou m nan vay ke vay Mson moun ki bati sou sab endiferans kò m foman Sensèman m te ka fe plis Petèt si m te konn kòman Donk padone m si m pa t renmen w jan w vle l la Padone m si aksyon m yo fè w pat ka fè m konfyans jan w dwe l la Mte vle ba w tout mwen men m twò brize pou sa M te vle desine bonè a avè w menm m pa egize pou sa
Writer(s): Ronald Merisier Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out