Lyrics

Nwit lan long kesyon yo kenbe m kout Vid la ranpli m kò m pa gen kote pou l kenbe do ut Yo te di m vi s on lekol leson yo m kenbe tout Men tèt mwem lou tèlman l pa gen kote pou l kenbe dout Le desizyon pou m fèt t ap pran pèsòn pa t envite m Donk poukisa m ta dwe rekonesan deske m vivan Anverite gen lòt moun la ki gen pi vye ke m Men sa pa on rezon valab poum renmen vi ke m ap viv lan M pa gen okenn pasyon anndan m anyen pa eksite Mpa gen anpil regrè a part le fait ke m egziste Egzistans mwen s on rad tranpe yo tann anba lalin M pa jwenn rezon pou m renmen vi m m jis ap fon jan pou m pa rayi l Reyalite a mazora chak jou m ap kase dan m Konbyen fwa m pran lari m espere on machin pase pran m Yo di m ke vi a pa on Jwet fò m pranl o serye M bouke chache men genlè pou mwen la pa gen anyen sere Koz lè m gad vi m mwen Jodia e tout sam ye Anyen nan sa m wè la pa vrèman koresponn a tout sam vle Se vre m fè efò pou m chanje sa m ka chanje Eske g on lè sa te rive mache anfèt m pa sonje M pat achte souf men chak jou m ap viv sou degi Andikape emosyonèl tout resanti m yo sou beki Lè m esesye goumen a fènwa limyè m fini sou kad Lè m jwenn repons a kèk kesyon se lafwa m ki fini sou kwa Chak jou m mande tèt mwen poukisa e kisa m ap fè la Si m deside ale volontèman eske sa ap fè lach Eske g on sans eske g on plan Eske e tout bon bagay yo konsa oubyen eske s on prank Men m konprann vi an dwe gen ekilib Gen istwa k dwe kadnase pou lòt ka ekri lib Men sa pa sifi pou met kesyonman m yo an konfinman M panse pran dwòg men m pa vle pi renmen mond l ap ofri m nan Manman m di m si m ap viv fò m remesye gran met lan Sensèman si s on Dieu k ban m vi sa seryezman l mèt pran l M pa kwè nan reziyen ni nan pito sa ke malgre sa Si M poko achte kòd pou kou m e koz kèk moun sa ka blese Alòs m kenbe pye m sou tè menm lè tèt mwen nan nyaj Menm lè chak lè m gad reflè m m gen enpresyon nanm mwem nan kaj M konprann twòp bagay m avwe anpil nan yo depase m Si opsyon sa te nan vi an sa fè kèk tan m tap efase m Men m vle w konprann epa plenyen m ap plenyen Mwen m se nèg k ap kanpe goumen menm lè nan mwen ap senyen Se jis ke men m lè m ta au fond m Toujou samtim ap tonbe Menm lè m reyalize rèv mwen mpa santim ap Konble M twò andomaje pou m ta konn sa bonè a ye Mèsi a moun Ki brize m yo koz se pou yo lonè a ye M padone pou m avanse sekèl yo toujou la E simityè a k chanje fòm sèkèy yo toujou la
Writer(s): Ronald Merisier Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out