Lyrics

Ayiti, ayibobo Sove peyi mwen Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh Veye fanmi mwen San yo, m pa t ap janm ka anyen, no, no, no W a sove peyi mwen Nou p ap kite l menm jan demen Chanje krangou tounen vant plen Nou p ap kite l menm jan demen Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen Wo-oh-oh Gade tout sa k te sa l, vin repwòpte Tout sa k boule vin remonte, tout moun plante, nou rekolte Ouh-oh-oh-oh Tande lapli tonbe, remèsye syel la lè solèy klere Met men nan men, nou wè pwoblèm pase Oh, Bondye Tande tanbou mache, n ap manje chak fwa ke mwen chante Timoun yo kontan, gade yo danse Sove peyi mwen Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh Veye fanmi mwen San yo m pa t ap janm ka anyen, no, no, no W a sove peyi mwen Nou pa kite l menm jan demen Chanje krangou tounen vant plen Nou p ap kite l menm jan demen, yah Maten, m leve, solèy ap klere Bò kot bèl lanmè k ap monte, tambou peyi an m k ap gwonde, tout bèl fi ap danse Nèg kanpe la ap gade Chita sou plaj la, kounyèya kè m poze, m ap tande vag pale, se lè sa mwen plonje Trezò nan dlo a chak fwa mwen rantre, pa gen pi bèl kote Remèsye Bondye ke se la m pouse Nasyon ki kreye libète Se puisans nou ki te fè sa chanje Nou danse libète, tout chèn kase Sove peyi mwen Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh Veye fanmi mwen San yo, m pa t ap janm ka anyen no, no, no W a sove peyi mwen Nou pa kite l menm jan demen Chanje krangou tounen vant plen Nou p ap kite l menm jan demen Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen (li p ap menm jan demen non) Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen (se mete men nan men) (N ap wè tout bagay pouse, tout moun ap byen viv) Wo-oh-oh (tout bagay ap chanje, sonje m te di w sa) Ayibobo
Writer(s): Inconnu Compositeur Auteur, Hantz Mercier Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out